1
Plis mal la antoure m. Plis mizè vle pou m trennenPlis tou a vin pi fon, e louvri sou pye mwenPlis danje yo ogmante. Lè mwen santi m san sekouSe plis mwen pran refij, O Jezi, nan men ou
2
Pami tout danje yo, se ou ki rasire mwenKont tout atak yo, se ou sèl ki pwotèj mwenSe ou menm, si mwen febli, ki vin geri tout blese mPou mwen fòs se sou ou sèlman pou mwen panche
3
Jezi ou genyen viktwa, e ou fè m asosyeMete fòs ou nan mwen, nan kè mwen vin klereVini leve defi sa, pou glwa ou fè m triyonfeBatay avèk men mwen, fè mwen vin viktorye
4
Ou toujou fè m kado, e sa bay mwen plis konfyansLè m te fè demand, èske m pa te resevwa?Avèk ou laviktwa mwen deja garanti davans:Lè nou kwè n ap genyen, nou deja gen viktwa