Tit Chante Yo » Nimewo Chante Yo » Kategori » Achte yon liv » Referans Angle » Referans Franse »
Chèche Peze / pou chèche yon chan
Ou kapap chèche an angle,
franse oswa kreyol

131 - Distans m rive

« 130 Chèche yon nimewo 132 »

1

Distans m rive santi m p ap ka tounen ankòMwen p ap tounen, mwen p ap tounenMenm si loraj, danje menase, frape mwenAnkò mwen di, mwen p ap tounen

O non, non, non mwen p ap tounenPaske anwo ki atire mDeja avyon mwen dekoleDepase pwen pou m pa tounen

2

Lemond ak plezi l yo rele legliz tounenAnwo rele m pou m pa tounenMenm si nyaj yo leve èspre pou vin bare mYon pa ankò m ap wè Sovè m

3

Lè gwo van avèk tanpèt yo leve kont mwenLegliz kanpe sou yon sèl moM deja pati pou yon dikte lòt moun anwoKote Mèt mwen ap di bravo

4

Menm si anpil lòt yo tonbe nan wout chak jouLegliz Kris la p ap chavirePilòt la trè sèten lènmi ap ranvèseLè a sonnen nou dwe monte
Enfòmasyon sou Chante a
Kategori DètèminasyonMeter 12.8.12.8 avèk kè