Tit Chante Yo » Nimewo Chante Yo » Kategori » Achte yon liv » Referans Angle » Referans Franse »
Chèche Peze / pou chèche yon chan
Ou kapap chèche an angle,
franse oswa kreyol

144 - Ala yon Sovè espesyal mwen genyen

« 143 Chèche yon nimewo 145 »

1

Ala yon Sovè espesyal mwen genyenAla yon bon Sovè pou mwenLi kache nanm mwen nan mitan gwo wòch laKote dlo lavi ap koule

Li kache nanm mwen andedan gwo wòch laLi kouvri m anba lonbraj liKounye a m konnen lavi mwen asireM pa pè sa k ap rive m demen (2x)

2

Li toujou konble mwen ak benediksyonLi ranpli m ak gras, li beni mAla yon Redanmtè mwen pa ka bliyeEde m chante yon chan pou li

3

Ala yon Sovè espesyal mwen genyenLi pran tout fado m yo pou mwenLi mete m byen wo pou pye mwen pa biteE li banm yon fòs san parèy
Enfòmasyon sou Chante a
Angle He hideth my soulKategori KonfyansMeter 11.8.11.8 avèk kèKonpozè William J. Kirkpatrick, c.1890 (1838-1921)Powèt Frances J. Crosby, 1890 (1820-1915)