Tit Chante Yo » Nimewo Chante Yo » Kategori » Achte yon liv » Referans Angle » Referans Franse »
Chèche Peze / pou chèche yon chan
Ou kapap chèche an angle,
franse oswa kreyol

145 - Obeyi kwè

« 144 Chèche yon nimewo 146 »

1

Lè n ap mache ak Kris, nan limyè pawòl liKi bèl glwa li voye sou wout nou!Lè n ap fè volonte l, li rete kote nouAvèk tout moun ki obeyi, kwè

Obeyi, kwè, se tout sa pou ou fèPou ou kontan nan JeziSe pou w obeyi kwè

2

Lonbraj kapab parèt, ka gen nyaj nan syèl laSouri Jezi fè tout disparètOkenn dout, okenn krent ni soupi ni kriyeP ap rete lè nou obeyi, kwè

3

Nou p ap pote yon chay pou yon lòt k ap soufriSan Jezi pa beni nou pou saNou p ap sibi yon pèd, nou p ap pote yon kwaSan n pa beni, si n obeyi, kwè

4

Men nou pa ka konnen tout mèvèy lanmou liAnvan nou konsakre tout bagayPaske byenfè li yo ak lajwa li bay nouSe pou moun ki vle obeyi, kwè

5

Konsa nan prezans li, nou va chita nan pye lOubyen nou va fè wout avèk liSa li di, nou va fè. Nou pral kote li vleSan pè anyen, n ap obeyi kwè
Enfòmasyon sou Chante a
Angle Trust and obeyKategori KonfyansMeter 12.9.12.9 avèk kèKonpozè Daniel B. Towner (1850-1919)Powèt John H. Sammis (1846-1919)