1
San Jezi mwen pa kapab vivMwen pa ka fè yon sèl paSe li menm sèl mwen ta vle swivM ap swiv li jouk sa kaba
kè
Anyen mwen pa gen pou m krentPaske Sovè m ap veye mM ap swiv li san mwen pa plenyenLi p ap kite mwen neye
2
Tout pwomès li avèk lanmou lRanpli kè m ak yon gran jwaMwen mèt tou fèb mwen mèt kagouM sèten l ap banm laviktwa
3
Lè fènwa vin pou fè m tranbleAvèk li mwen brav anpilLè vwa satan ape gwondeMwen rete dousman, trankil
4
Jezi, wete tout sa k pa pwòpNan kè mwen, pou mwen machePirifye mwen, lave m, fè m pwòpJan Bondye vle pou mwen ye