Tit Chante Yo » Nimewo Chante Yo » Kategori » Achte yon liv » Referans Angle » Referans Franse »
Chèche Peze / pou chèche yon chan
Ou kapap chèche an angle,
franse oswa kreyol

235 - Tankou yon sèf swaf ap toufe

« 234 Chèche yon nimewo 236 »

1

Tankou yon sèf swaf ap toufeL ap kouri ap chèche dloSe konsa, nanm mwen soupireSeyè pou sous dlo ou yoWi, nanm mwen swaf ou BondyeSe konsa l ap kalkileBondye, Bondye, se jis kilèPou je mwen ka wè vizaj ou

2

Dlo nan je, yo se soupe mwenNi aswè, ni nan matenPandan lènmi ap moke mwenY ap di kote Bondye w laGen yon sezon mwen sonjeLè mwen te vin lakay ouAk fidèl yo, mwen t ap chanteSan sispann, nou te fè lwanj ou

3

Ki chagren k ap devore mwen?Nanm mwen, ou mèt asireAnkò, espere nan BondyeKontinye pou fè lwanj liSèlman avèk yon kout jeKris pral geri touman mwenMenm lè mwen fon nan soufrans yoM ap rete tann delivrans li

4

Menm si Bondye ta fè kòlèPou kache fas li san fwaGras toujou fè mwen gen espwaKe tanpèt yo pral finiLajounen ou kondi mwenEpi lè lannwit riveMwen pral chante majèste ouFè lwanj pou ou san kè sote

5

Poukisa nanm mwen tris ankòPoukisa l ap sakajeEspere nan Bondye ankòKontinye pou fè lwanj liNan fason li gade mwenSa di li se Sovè mwenMalgre tout gwo peripesiSe Bondye nanm mwen reklame
Enfòmasyon sou Chante a
Franse Comme un cerf altéré brâmeKategori SekouMeter 8.7.8.7.7.7.8.8Konpozè Louis Bourgeois (1510-1559)Powèt Théodore de Bèze (1519-1605)