1
Mwen pa ta vle devni tankou yon branch initilYo oblije koupe l, tou dousman l ap secheTanpri Bondye ede m, pou mwen vin yon branch fètilKi kore byen danble, anyen pa ka rache l
2
Rete nan mwen, Jezi, e nan ou fè mwen retePou m jwenn nan lanmou ou, yon kòd ki byen serePou m pote anpil fwi, chak jou e nan chak èd tanRenonse tout bagay, pou mwen jwi ou souvan
3
Tout moun ki kwè nan ou, ak bouch ou te deklareYo gen pou yo aji, menm jan ak ou SeyèMwen kwè men sa k pase, pouki nanm mwen egareLi kite bon chemen, ou te toujou swiv la
4
Elas! Men anpil fwa, sou mond lan tèt mwen vireMalgre je mwen ta dwe toujou rete sou ouPa koupe branch mwen an, Seyè souple remanye lFè mwen aprann pi byen, kijan pou m swiv lòd ou
5
Si kè mwen deside pou li mete konfyans liSou fòs mwen ki tou fèb pou jwenn objektif laJezi ou te bay lavi w, pou tout moun sou tè aSe sèl espwa mwen gen, pou lapè ak sali