1
Sou yon mòn bandone,Yon vye kwa te plante,Kote brigan yo gen pou mouri.Men se sou menm kwa sa,Jezi mouri pou mwen,Pou m kapab pataje tout glwa Li.
kè
Yo te kloure Jezi sou lakwaE se la Li te mouri pou mwen.M ape viv pou glwa Li sou tè sa,E yon jou m a va wè Li nan syèl.
2
Pou tou sa k te rive,Sou lakwa nan jou sa,M a va toujou gen rekonesansPou tout sa Jezi fè,Li te fè l nan plas mwen,Pou bay mwen lavi nan abondans.
3
Kou yo tiye Jezi,Ki te Pitit Bondye,Yo pa vle wè mwen menm tou non plis.Men mwen pito swiv Li,Nan tout sa ki rive,Pase tou sa m ta jwenn sou tè sa.