1
Ou lave tout peche mwen yoLè ou mouri pou mwenSe pou tout tan ou tache mwenSou ou, O gran wa mwenMen nan gras ou ki p ap finiKontinye travay nan mwenSe pou tout sa ki nan nanm mwenPliye nèt devan ouTankou yon flè ak yon wozoNan mitan gwo van yoDosil, fleksib, se pou kè mwenPliye pou sa ou vle
2
Jezi te oblije macheYon chemen ki pikeE poukisa pou mwen fè bakOswa pouse men ouVini nan gras enfini ouFini travay ou nan mwenSe pou tout sa ki nan nanm mwenPliye nèt devan ouSi gen bezwen, ou ka krazeSa ki opoze ouNenpòt jan, Mèt ou sèl gen dwaPou renye anndan mwen
3
Ou konnen kijan kè m rebèlKijan mwen kriminèlOu konnen tout lènmi mwen yoAk kapasite yoVini nan gras enfini ouFini travay ou nan mwenSe pou tout sa ki nan nanm mwenPliye nèt devan ouFè mwen renmen volonte ouFè tout dezi kè mwenAk tout sa ki bay mwen lajwaSe obeyi w tout tan