Tit Chante Yo » Nimewo Chante Yo » Kategori » Achte yon liv » Referans Angle » Referans Franse »
Chèche Peze / pou chèche yon chan
Ou kapap chèche an angle,
franse oswa kreyol

60 - Jezi, ou ki renmen mwen

« 59 Chèche yon nimewo 61 »

1

Jezi, Ou ki renmen mwen,Kite mwen ale jwenn OuTout lòt azil ka anven,Lè lanmò menase nou.Kache mwen, O Sovè mwen,Pandan tout loraj lavi.Resevwa mwen a lafenNan lapè ki p ap fini.

2

Ou se sèl refij mwen gen,Nanm mwen pa gen lòt espwaTanpri, pa bandone mwen,Sovè m, lè tout bagay nwa.Mwen vle konfye m nan ou sèlMwen pa genyen lòt sekouSèvi pou mwen kou yon zèlM a va byen lè m avèk Ou.

3

Mwen pa bezwen lòt bagayPase ou, bon Jezikri.Se ou menm ki te konn bayLasante e menm lavi.Mwen menm, mwen pa vo anyen,Mwen genyen anpil peche,Se ou sèl ki vrèman sen,Ou se gras e verite.

4

Genyen anpil gras nan ouPi gran pase peche nou.Gras ou se yon bagay dou,Kite li travay annou.Jezi, Ou se sous lavi,Banm lespri ou san meziJayi nan mwen kou yon piSe lavi ki p ap fini.
Enfòmasyon sou Chante a
Angle Jesus, lover of my soulKategori Lanmou Kris laMeter 7.7.7.7.7.7.7.7Konpozè Joseph Parry, 1876 (1841-1903)Powèt Charles Wesley, 1738 (1707-1788)