Tit Chante Yo » Nimewo Chante Yo » Kategori » Achte yon liv » Referans Angle » Referans Franse »
Chèche Peze / pou chèche yon chan
Ou kapap chèche an angle,
franse oswa kreyol

65 - Seyè Jezi ki Sovè nou

« 64 Chèche yon nimewo 66 »

1

Seyè Jezi ki Sovè nouNenpòt ki ras nou ye!Nou rekonèt se ou ki MètSe ou ki modèl nou.

Nan prezans ou, nou rekonètKijan nou gen defo.Ou renmen nou, men an menm tanOu rayi peche nou.

2

Tout panse yo ki nan tout kèPa kache devan ouOu konnen tout, ou wè tout klèPa gen sekrè pou ou.

3

Malgre nou fèb, pa bon ditouOu kite n sèvi ou.Tout kado nou ofri ba ouOu pa refize yo.

4

Anyen pa bon, lè ou pa laSan ou travay anven.Lonbraj kwa ou pi bèl pou nouPase limyè solèy.

5

Ou se zanmi n, Frè nou, Mèt nouKisa ou vle pou n fè?Se pa rit ni fòm espesyalSe sèlman pou swiv ou.

6

Nou pa wè byen, ni tande byen.Nou pa konn priye byen.Poutan, nou konnen byen ou seLaverite, lavi.
Enfòmasyon sou Chante a
Angle O Lord and master of us allKategori Lanmou Kris laMeter 8.6.8.6 avèk kèKonpozè William Croft, 1708 (1678-1727)Powèt John G. Whittier, 1856 (1807-1892)