Tit Chante Yo » Nimewo Chante Yo » Kategori » Achte yon liv » Referans Angle » Referans Franse »
Chèche Peze / pou chèche yon chan
Ou kapap chèche an angle,
franse oswa kreyol

69 - Mwen vle rakonte toupatou

« 68 Chèche yon nimewo 70 »

1

Mwen vle rakonte toupatouKòman Jezi renmen mwenSou latè li vini yon jouPou li bay vi li pou mwen

Se yon bèl istwa n ap rakonteJezikri mouri pou nouAnnou chante, annou adoreYon Wa ki si renmen nou!

2

Mwen te pèdi, li sove mwenLi te wè jan m t ap soufriAk men li, li antoure mwenLi pran mwen sou zepòl li

3

A! Byen souvan mwen akableLavi a bat kouraj mwenMen mwen pa pè, Jezi tou prePou rekonfòte nanm mwen

4

Toujou Jezi se Sovè mwenLè moman a va rivePou m ale wè Redanmtè mwenSe avèk jwa mwen prale
Enfòmasyon sou Chante a
Kategori Lanmou Kris laMeter 8.7.8.7 avèk kè