1
Se pou ou tout omaj nou fèPitit Bondye, gran SovèOu genyen yon wayòm konplèOu se refij tout pechè
kè
Lwanj pou lanmou ouLwanj pou ou tout tanNon ou, JeziLaglwa ak byenfè ouLwanj pou lanmou ouLwanj pou ou tout tanNon ou, laglwa ak byenfè ou
2
Se ou menm ki bay delivrans:Ou te peye tout ransonSe ou menm ki bay esperansLapè avèk gerizon
3
O se kè kontan, se lajwaPou moun Bondye rachte yoMoun ki mache nan limyè aNan direksyon pou syèl la
4
Se avèk pawòl Bondye aKe ou bay mwen ansèymanSentespri se yon rekonfòKi kenbe mwen chemen an
5
Talè se pral bèl bagay nètRèv nou pral reyalizeSou nyaj yo avèk tout zanj yoNou pral wè Jezi parèt