Tit Chante Yo » Nimewo Chante Yo » Kategori » Achte yon liv » Referans Angle » Referans Franse »
Chèche Peze / pou chèche yon chan
Ou kapap chèche an angle,
franse oswa kreyol

76 - Pi bon zanmi nou gen se Jezi

« 75 Chèche yon nimewo 77 »

1

Pi bon zanmi nou gen se JeziSe bèl lanmou!Li pi pwòch nou pase yon fanmiSe bèl lanmou!Zanmi, frè, sè genyen pou paseMen Jezi toujou rete tou preJezi p ap janm vire do aleSe bèl lanmou!

2

Jezi se vi pou letèniteSe bèl lanmou!Bèl zèv li fè yo ann selebreSe bèl lanmou!Li te chèche mouton pèdi aJezi vin jwenn li nan dezè aLi remete li nan twoupo aSe bèl lanmou!

3

Li bay tèt li pou yon sakrifisSe bèl lanmou!Li kontan fè nou jwi benefisSe bèl lanmou!Nanm nou pare pou koute vwa liToujou an pè, pa bezwen jemiToupre li se repo ak laviSe bèl lanmou!

4

Seyè Jezi tanpri fè n konprannTout lanmou ouSimaye lanmou sila anndan nTout lanmou ouSe pou lanmou sa vin lavi nou!Se pou nanm nou kontan toulejouFè nou goute lajwa toupatouNan lanmou ou
Enfòmasyon sou Chante a
Franse Jésus est notre ami suprêmeAngle All will be wellKategori Lanmou Kris laMeter 9.4.9.4.9.9.9.4Konpozè Steven C. WarnerPowèt Julian of Norwich (1343-1416)