1
Tout lwanj pou ou Papa mwen ki nan syèl laLè m te byen lwen ou, nan gwo pwofondèAtravè Kris ou vini bay mwen limyèMwen te esklav, ou fè m tounen yon wa
kè
Lanmou LetènèlEksepsyonèlLi soti nan syèlPou padone tout krim mwen yo
2
Ala lanmou, gade gwosè lanmou saSovè m nan fè m ap jwi li sou latèMwen pa bon. Mwen se pechè, blasfematèSèl non Jezi ta dwe fè mwen tranble
3
Pou ou kè sa, kè pòv sa ki renmen ou!Mwen bay ou lavi m, paske ou sove mPran mwen tankou flè ki sou bò kouwòn ouMwen se pou ou, paske san ou lave m
4
Gade, Bondye! Pwoteje m nan batay laMwen twò fèb san ou mwen pa ka liteTalè konsa, nan fèt pou letèniteAvèk sen yo, ma kontanple ou Wa